Home Actualités Diskou Mèt Samuel Madistin nan okazyon prezantasyon l kòm kandida ofisyèl MOPOD
Actualités - mai 20, 2015

Diskou Mèt Samuel Madistin nan okazyon prezantasyon l kòm kandida ofisyèl MOPOD

Mesye kowòdonatè komite pilotaj MOPOD la
 
Mesye tout manm direksyon MOPOD yo
 
Medam, Mesye manm komite mobilizasyon MOPOD yo
 
Madam, mesye manm komite elektoral MOPOD yo
 
Medam, Mesye tout kandida MOPOD pou eleksyon lejislativ yo
 
Medam, mesye kandida MOPOD pou kolektivite teritoryal yo
 
Medam, mesye manm laprès pale, ekri ak televize yo
 
Zanmi kanmarad,
 
 
25 mas ki sot pase a, m te prezante bay militan MOPOD yo plan m pou m te reprezante mouvman an kòm kandida pou prezidan nan okazyon eleksyon ki gen pou fèt nan finisman ane a. Yon ti tan apre, ni RDNP ni PLB, yo chak bò kote pa yo, te deklare entansyon yo tou pou prezante yon kandida pou pòs prezidan, sa ki ta pral kite plas pou òganizasyon an viv, pandan plis pase yon mwa, yon kokenn eksperyans demokratik ki pral sèvi, pi devan, kòm model.
 
M chwazi moman sa a pou m remèsye konkiran m yo piblikman pou kalite franchiz yo montre pandan tout kanpay la. M ap pran tan tou pou m remèsye manm komisyon elektoral MOPOD la ki rive jwenn kondisyon nòmal pou òganizasyon, san tèt kase epi pou premye fwa nan peyi a, eleksyon primè ki mache kole kole ak angajman nou te pran ansanm pou fè yon kous elektoral ouvè. Listwa ap gen pou l sonje se MOPOD kòm mouvman politik ki te, an premye sou “cote des arcadins”, pran rezolisyon nan dat 26 janvye 2014, pou òganize eleksyon primè. Yon rezolisyon ki vin fè lekòl apre sa. MOPOD pap ka fè lòt bagay sinon batay pou pratik sa a antre nèt al kole nan abitid politik peyi nou. Se yon bagay ki fè moun rejwi pou gade kouman mouvman an kenbe inite l tout pandan l ap fè eksperyans difisil epi enteresan sa a. Pa gen yonn nan kandida ki vin kite kous la apre ki te jwenn anyen pou repwoche MOPOD. Kidonk, lè desizyon vin pran pou anile primè yo, san okenn traka, kredi yo pa ka al jwenn lòt moun sinon manm komite elektoral yo. An nou tout mete ansanm pou n di yo mèsi.
 
Kad ak militan RDNP yo, mwen konnen entansyon nou se pou n te ofri Sekretè Jeneral pati nou an posibilite pou l lage kò l nan yon dènye batay elektoral, men reyalite politik la vin enpoze desizyon nou tout konnen an. Nan sans sa a m ap leve vwa m byen wo pou m di mwen te mennen yon batay elektoral pwòp kont li nan respè tout valè li toujou ap defann depi 35 an. Mwen fè sa tou pandan m fè efò pou m respekte sa l reprezante kòm poto mitan pati nou an, an plis tou nan sa l pote nan zantray li kòm fanm. M gen gwo espwa m ap ka konte sou angajman nou nan batay nou pral mennen pou n pran pouvwa epi pou n jere l kòm sa dwa.
 
Kad ak militan PLB yo, MOPOD ap fè nou konnen li byen konprann jan nou aji apre kandida nou te prezante a rale kò l nan kous la. Li wè byen sa pa menm brinding detèminasyon ak konpetans Sekretè Jeneral nou an nan akonplisman travay li kòm premye responsab komisyon elektoral MOPOD la. Jès sa a, se yon kokenn leson demokratik. Eksperyans sa a deja sèvi pou ranfòse MOPOD. Menm jan m te fè pou kad ak militan RDNP yo, m ap envite nou vin kore “Brigad Desalin yo” pandan n ap fè mouvman pou n fòtifye kapasite òganizasyon an pou l fè kanpay elektoral.
 
Zanmi kanmarad,
 
M ap di nou mèsi ak tout kè m pou jan nou te akeyi lide m te pataje ak nou yo. Jan nou konnen l deja, lide m ap defann yo pa gen okenn diferans ak pa MOPOD yo e, se yo nou pral rejwenn nan pwogram mwen pral gen pou m soumèt anvan lontan bay pèp Ayisyen an. OtanLide yo klè, yo senp, ou ka rezime yo an 3 mo : YON LETA FÒ.
 
An verite, mwen se patizan yon leta fò, sèl posiblite pou mennen peyi a sou wout pwogrè ak devlopman ki pap janm fini. Nan tèt yon “Desalinyen”, yon leta fò pa gen anyen pou wè ak diktati, men pito yon leta granmoun, solidè, demokratik e popilè. Yon leta fò respekte lalwa ak lajistis. Pa gen okenn plas  pou komedi tankou komedi “Sonson la familya a” nan yon leta fò. Yon leta fò se yon leta ki bay tèt li mwayen pou l goumen avek siksè kont kòripsyon ak inegalite sosyal. Nan yon Leta fò zafè pou yon pousan moun gen senkant pousan richès peyi a nan men yo a pa akseptabb. Yon leta fò se yon leta ki bay tèt li kapasite pou l bay pitit tè a manje kòm sa dwa e ki bay kesyon edikasyon enpòtans li merite. Yon leta fò se yon leta ki kapab pwoteje pitit li kèlkeswa kote yo ye epi ki kapab defann tèritwa a kont tout kalte menas kèlkeswa kote y ap sòti. Yon leta fò pa tap janm nan dòmi kole ak sa kap pase fanmi nou yo nan “batèy” kay vwazen. Yon leta fò pran konsyans de vrè valè l nan rejyon an epi nan mitan tout lòt nasyon yo.
 
Jenn gason, Jenn fi ki kwè nan lide papa Desalin yo, nou gen pou misyon pou n fè mesaj sa a pase nan tout lekòl, tout inivèsite, tout legliz, tout “hounfò”, tout lòj masonik, tout tap-tap,tout kan, tout “ghetto”, tout bitasyon, tout seksyon kominal, tout komin ak tout depatman.
 
Zanmi kanmarad,
 
 
Lè nou wè m chwazi pote sou do m, ansanm ak komite pilotaj MOPOD la, direksyon ak responsablite reprezantasyon politik mouvman nou an malgre tout sa nou viv nan kanpay la nan preparasyon eleksyon primè yo e anfas yon seri konkiran ki tèlman gen prestij, mwen gen santiman mesaj nou an antre byen fon nan tèt mwen, yon mesaj ki mande m, pou m toujou aji ak imilite, konviksyon epi fèmte devan kokenn responsablite ki tonbe sou do m yo. Pou tout sa, m ba nou garanti m pap lage batay la.
 
Zanmi kanmarad,
 
Vire do bay moun ki pral vle fè n konprann pi gwo batay la fini ak seremoni Jodi a, oswa mòd pawòl tankou : 26 oktòb se yon senp fòmalite. Nou nan yon konpetisyon kote chak grenn vòt konte. Pa neglije fè pòtapòt, pa neglije nonplis fè tout efò ki posib pou n ranpòte laviktwa. Nan ka pa m, mwen pwomèt nou pou m defann bò kote nou, tout vòt kèlkeswa kandida MOPOD la e, m pa kache di nou, sa ap fèt nan tout nivo (ASEC, CASEC, Delege vil, Majistra, Depite, Senatè ak Prezidan).
Nou pa pral aksepte pou konsèy elektoral pwovizwa a aji sou lòd ki sòti nan pouvwa ekzekitif la. Nou pa pral aksepte nonplis pou se entènasyonal la ki fè chwa pwochen prezidan peyi a.
 
Militan jenerasyon 86 yo, pèp ayisyen, mwen envite nou, pou n fè yon konplo moun debyen pou n sove Peyi Jean Jacques Dessalines nan, Peyi Toussaint Louverture a, Peyi Christophe, Capois la Mort ak Petion an. Mwen patikilyèman ouvè pou n kreye yon gwo kowalisyon Desalinyen pou n ka defann rèv papa fondatè Peyi a.
 
Ann mache ansanm pou n reyalize rèv Dessalines nan.
 
Mesi anpil.
 
 
 
Samuel Madistin
Kandida MOPOD pou
Prezidans Peyi D AYITI
 
 
Pòtoprens, 9 me, ane 2015. (Palais de l’art, Delmas 33).
 

Réagir à cet article

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *