Home Actualités Pozisyon piblik divès òganizasyon ak enstitisyon aprè sasinay pwofesè Jean Anil Louis-Juste madi 12 janvye 2010 la.
Actualités - mars 8, 2010

Pozisyon piblik divès òganizasyon ak enstitisyon aprè sasinay pwofesè Jean Anil Louis-Juste madi 12 janvye 2010 la.

Jou madi ki te 12 janvye 2010 la, kèk minit anvan tè a te tranble, fòs reyaksyonè yo asasinen kamarad nou, frè nou, konbatan vanyan sa-a : Pwofesè Jean Anil Louis-Juste.

San di petèt, asasinay sa a se yon egzekisyon politik ki te vize non sèlman Kamarad la, men tou pozisyon li te toujou ap defann depi plizyè lanne. Nan sans sa a, nou pap bliye ansanm menas ak pwopagand ki te konn fèt kont kamarad Janil Louis- juste akòz angajman li nan ansanm batay pou chavire sistèm kapitalis la nan peyi a, tankou: batay sou salè minimòm nan, batay kont lokipasyon peyi dAyiti, batay pou transfòme Inivèsite Leta a nan enterè mas popilè yo.

Yon bon pati nan vi kamarad Janil Louis-Juste  te konsakre nan batay pou chanje kondisyon lavi moun klas dominant, ekplwatasyon boujwa ak enperyalis la, kòripsyon nan Leta a  rann pi pòv nan peyi a, li pote kole nan mete kanpe ak pote konkou nan kreyasyon yon latriye òganizasyon pwogresis anndan peyi an jeneral ak nan Inivèsite an.

Pa gen ankenn dout, zak sasinay sa-a antre nan pwojè represyon kriminèl ak entimidasyon fòs fè nwa yo , klas dominant yo, Leta tchoul yo ak akolit li yo  ak okipan yo ta manniganse kont mouvman popilè yo an jeneral ak mobilizasyon ki te deklanche nan peyi a pandan tout  ane 2009. Se byen konte mal kalkile ,yo asasinen Janil  men yo pap kat touye flanbo pwojè pou chanjman total kapital sosyete miwo mi ba a , lokontre zak asasinay sa –a  montre kouman jenn gason ak jenn fanm dwe kontinye ranfose konviksyon ak deteminasyon pou n goumen jouk mayi mi kont sistem peze souse a .

 N ap mande :

-Pou limyè fèt sou asasinay kanmarad Janil

-Pou lajistis pase kòd nan kou asasen yo nan tout nivo yo ye san distenksyon

Nan sans sa a , nou menm òganizasyon ak militan/militant ki siyen nòt sa a, n ap pran angajman pou san kanmarad pwogresis sispann koule pou konviksyon politik yo. Nou pote solidarite nou ak fanmiy, zanmi ak tout kanmarad Janil Louis-Juste pandan n ap pran angajman pou n kontinye pote pi lwen konviksyon kanmarad la jouk nan bout.

Pòtoprens 13 fevriye 2010.

Pou otantifikasyon:

Camille CHALMERS (PAPDA)

Marc-Arthur FILS-AIME (Inisyativ Pati Kan Pèp la)

 

Réagir à cet article

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *