Home Actualités Congrès International de la diaspora : Intégralité de l’intervention de la Première Ministre
Actualités - août 13, 2009

Congrès International de la diaspora : Intégralité de l’intervention de la Première Ministre

Mwen vle kòmanse pa salye òganizatè Kongrè an deske yo rive mete tout Ayisyen/Ayisyèn ak zanmi Ayiti yo ansanm sou labannyè INITE. Nou tout ki la jodi an se yon sèl mo ki reyini nou se Ayiti.

Alòs, reyini sou drapo Ayiti, anba flanbo inite mande nou pou nou bay mo sa yo tout sans yo. Men anvan mwen antre nan nannan kesyon an, kite m di n detwa pawòl.

Toutdabò, na eskize Minis Ayisyen k ap viv aletranje yo, Misye Charles Manigat. Se li menm mwen te chwazi pou ranplase m nan seremoni ouvèti kongrè an. Malerezman, li pat ka vini paske Prezidan Preval te voye l nan tèt yon delegasyon nan zile Turc and Caicos pou al regle afè batiman ki fè nofraj kote anpil moun te pèdi lavi. Minis la te oblije ale ki fè misyon l pat fini lè kongrè an kòmanse.

Nofraj sa raple n, kantite moun ki pèdi lavi nan kouri kite peyi an nan move kondisyon pou al chache lavi miyò nan lòt peyi. Sa poze gwo entewogasyon pou nou k ap dirije peyi an jounen jodi an. Kilè na rive bay Ayisyen ak Ayisyèn espwa pou yo viv lakay nan bon kondisyon?  Kilè na rive kwè se ak fòs pa nou, entelijans pa nou, inite pa nou na rive konstwi yon peyi kote lavi fleri, kote nou rejwenn fyète nou ak diyite nou?  Kilè na bay mo inite sa tout sans li?

E se sou sa mwen vle pale jodi a. Sou sans mo inite sa. Oganizatè kongrè an pran gwo chans lè yo chwazi tèm sa pou diskisyon ki fèt nan 3 jou sa yo.

Ki sa nou vle di lè n ap pale de inite?

Inite vle di sòti nan sispisyon, nan lè w gade yon Ayisyen parèy ou, anvan menm ou pale avè l, ou gen tan mete l nan yon kategori:  sa se yon boujwa, sa se yon piti so yèt, sa se yon peyizan gwo zotèy, sa se yon arivis, sa se yon dyaspora, sa se yon bakoulou, sa se yon gran jipon, sa se yon chanpwèl, sa se yon lougarou ki vole gran jou, sa se yon lavalas, sa se yon makout.

Se konsa nou ye menm. Voye pawòl monte san jistifikasyon, san konesans, san egzèse jigman nou, paske nan fon kè nou, nou pa kwè nan inite tout bon vre. Se yon mo nou repete san konviksyon paske nou toujou rete nan sa mwen rele “la culture de l’échec et du dénigrement”.

Inite mande jefò. Inite mande refleksyon. Inite mande aksyon. Inite mande travay kolektif pou byen komen, pou enterè piblik. Sa vle di, kouman pou nou pran ka peyizan ki nan tèt mòn Kawo, nan tèt mòn Makaya ou byen nenpòt kote nan peyi an, e ki poko wè kisa demokrasi an pote pou li, ki sa eleksyon pote pou li. M sonje apre Divalye ale, nan efèvesans kite gen nan peyi an, yo te envite m nan yon reyinyon nan Latibonit kote yon bann ak yon pakèt peyizan te reyini pou yo brase lide sou sitiyasyon yo. Epi, gen yon gwoup ki rive ak yon pannkat ki te ekri: “nou menm peyizan Janvye, 5èm seksyon Ti Rivyè, nou nan peyi an tou”.

 Nou nan peyi an tou.Tankou moun Matisan, Site soley, Raboto, Sent Elèn, La Fosèt. Men tankou moun Pegivil, Boutilye, Tijo, Bòd, Rival, Gabyon, Pasrèn e latriye. Yo nan peyi an tou.

Nou tout nan peyi an. N ap viv nan yon peyi klwazonen, fraktire, kote nou pa pran tan pou nou rankontre tout  bon vre. Sa vle di, moun ki gen lajan yo rete ansanm, sa ki pòv yo rete ansanm, peyizan rete ak peyizan, ouvriye ak ouvriye, sektè prive ak sektè prive, dyaspora ak dyaspora, etidyan ak etidyan, elatriye. Peyi an pa brase ase, li pa melanje ase, pa gen ase deba serye ant dives sektè pou yo echanje, pou yo diskite, pou yo rive fè konpwomi.  Sa vle di, dekouvri enterè chak genyen, lèfini aksepte pèdi ti kras pou tout moun ganyen. Se sa konpwomi an ye. Se yon demach ki esansyèl e se li menm sèl ki ka rive kreye vre inite an. Se li menm tou ki baz demokrasi an.

Inite vle di vire do bay eritaj kolonyal n ap trennen dèyè nou san nou pa mete l an kesyon, pou nou sispann gade dèyè selman men pou nou gade peyi an ak je 21èm syèk la.

Inite vle di gade peyi an byen. Aprann istwa l, kilti l, jeyografi l. Inite vle di, voye yon je sou Repiblik Dominken, vwazen nou. Istwa nou mare ansanm e se sèlman si nou rive lonje men bay lòt nan yon abrazo fratènèl, san pyèj, san rankin, na rive konstwi istwa n ansanm pou lavni toulede peyi yo.

Inite vle di, pran ka jèn yo. Kelkilanswa kote yo ye, nan peyi an oubyen nan peyi etranje. Eseye konnen sa ki nan kè yo. Valorize savwa yo ak savwa fè yo. Fè plas pou yo paske se yo menm ki avni peyi an. Trase model pou yo, pa kite yo kwè peyi an pa gen moun ki gen vale, peyi an se agranman ak malfèktè sèlman ki ladann. Montre yo bote peyi nou an pou yo gen espwa sa ka chanje paske sa ka chanje.

Inite vle di fè fanm yo konfyans. Se yo ki bay lavi, se yo ki garanti lavi, edikasyon, lasante, travay andedan kay tankou deyò kay.

Inite vle di kwè nan lasyans ak teknik, sa vle di nan edikasyon ti moun yo, pou depi byen bone yo konprann lanati, yo aprann viv ansanm, sosyalize ansanm, konstwui konfyans.

Inite vle di kwè sifizamman nan peyi an pou vin envesti. Pou vin mete pwòp lajan pa w, fè l fè pitit, peye taks ou, swiv sa lalwa di. Paske inite vle di tou rete nan legalite.

Peyi an rive nan yon kalfou. Yon kalfou kat chemen. Se nou menm ki pou konnen ki wout n ap pran. Opotinite yo devan nou. Se nou menm ki pou konnen si n ap kite yo pase oubyen eske n ap pran yo pou devlopman peyi an. Prezidan Clinton la avè n jodi an. Kelkilanswa sa moun ap di deyò an, se nou ki pou konnen kouman pou prezans li pote sa ki byen, sa ki valab pou peyi a.

Kwak gen anpil pwoblèm ki pou regle, peyi nou an ofri anpil pespektiv pou envestisman. Si ansanm, entreprenè ayisyen mete ak entreprenè etranje, anpil djob kapab kreye nan peyi an. Jounen jodi an, kreye djob se yon priyorite tankou konbat frajilite anviwonmantal peyi an se yon priyorite.

Gouvènman an, anba lidèship Prezidan Preval angaje nan yon plan devlopman ekonomik nou te prezante nan Konferans Bayè yo an avril ki sot pase an. Gen gwo travay k ap fèt nan agrikilti, nan wout, nan elektrisite, nan prevansyon dezas, nan edikasyon, santé, ak nan kreye meyè kondisyon pou klima envestiman an, sa vle di kontinye travay sou sekirite ak kad legal la. Nou tout konnen peyi Kanada, peyi Etazini, peyi Lespay rive chanje “travel advisory yo” an favè peyi an.

Anpil travay fèt pou nou te ka rive anile yon gwo pati nan dèt peyi an genyen bo kote enstans entènasyonal yo. Se konsa nan mwa jen ki sot pase yo, 1.2 milya dola efase sou dèt peyi an. Se te yon gwo defi paske te gen anpil kondisyon pou sa te fèt, men nou rive fè l. Men l ap rete difisil pou frennen wout dezòd nou pran depi plis pase 50 lane nan peyi an. Tout bezwen yo rive sou nou an menm tan pou tout peyi, se poutèt sa, se sèlman si nou pran konsyans enpòtans dyalog Prezidan Preval ap pale tout tan an, na rive angaje n vreman nan konstwi peyi an.

Pou fini, anpil moun ap mande, « men ki sa Premye Minis sa fè nan peyi an, komkwa se pale sèlman li konn pale ». Se opinion anpil moun. Men Premye Minis lan pa gen pou l fè. Li gen pou l fè yo fè. Se li menm ki chef okès gouvènman an. Se li menm ki pou bay direksyon epi kòdone aksyon gouvèman an.

Sa vle di, lè m chita ak Minis Agrikilti an pou nou gade ki jan pou nou amelyore pwodiksyon lokal la epi nou deside sou yon aksyon Sen Rafayèl pa egzanp, se aksyon gouvènman  an.

Lè m chita ak Minis TPTC an pou nou gade kòman nou kapab konstwi Pon sou rivyè Limit ki pou premye fwa pral relye Dondon ak Sen Rafayèl, se aksyon gouvènman an.

Lè m chita ak Minis Sante Piblik lan pou nou gade kouman pou nou amelyore sitiyasyon Sanatoryom ak Lopital Jeneral, se sa k ap fèt kounye an e nan semen lan m pral vizite 2 lopital sa yo plis lopital LaPè sou Delma. Se aksyon gouvènman an.

Lè nan CSPN (Conseil Supérieur de la Police Nationale) m chita ak Minis Jistis lan, ak chef Polis la, pou nou planifye kouvèti polisyè pou peyi an, pou nou planifye konstriksyon komisarya ak prizon, se aksyon gouvènman an.Lè m al nan fowòm Minis Jenès, Espò ak Aksyon sivik lan ak fè pou mobilize jèn yo sou politik jenès lan, se aksyon gouvènman an.Lè m chita ak Minis Jistis lan pou nou planifye kouman pou chak grenn ayisyen, chak grenn ayisyèn andedan peyi an tankou aletranje espesalman nan batey yo, gen yon idandite, yon eta sivil, e se sou sa n ap travay, se aksyon gouvènman an.

E tankou nou wè tou, tout sa se INITE an tou. Se koyesyon gouvènmantal, se solidarite aksyon gouvènman an. Prensip mwen te afime depi nan Deklarasyon Politik Jeneral mwen an devan Palman an.

Se vre Premye Minis lan kapab deside sou kèk aksyon ki make pasaj li espesyalman. M dejà komanse. Al gade travay ki fèt Sen Lwi di Sid nan rekonstwi baraj Grenodyè siklòn Gòdon te kraze e ki rete 15 lane san repare. Travay sa pral pèmèt irige plis pase 700 kawo tè nan plèn Sen Lwi di Sid. Sa se aksyon dirèk Premye Minis lan. Konsa tou, ak Minis Kilti ak Kominikasyon, m te pèmèt reamenaje twa gwo lakou nan Latibonit yo : Soukri, Souvnans ak Lakou Badyo. Se yon bèl travay ki fèt nan wò lye Senbolik tradisyon kiltirèl Ayisyen yo.

Dòt aksyon konsa va rete pou peyi an lè l fin ale, apre esperyans m ap fè jounen jodi an nan tèt gouvènman an.

I would like to say just a few words in English for all the friends of Haiti who attended this Congress. Thank you for your support in favor of the Haitian people, thank you for your trust in our capacity to build our present and envision our future. This congress was launched under an important banner: Unity. It is a challenge indeed, but together we can achieve that goal.

Sa m ta swete pou m fini. Se yè swa m rive pou m asiste kloti Kongrè an. Tout moun ki pase 3 jou yo isit lan, di m kouman deba yo te enteresan, kouman bèl pawòl tonbe nan chak atelye ki òganize yo. M ta swete se pa pawòl sèlman ki di, se pa pale mèt la sèlman ki fèt. Men okontrè, pawòl sa yo mennen nou an aksyon. Aksyon an favè peyi an, aksyon an favè pèp Ayisyen, aksyon nan tèt kole ak gouvènman an ki li menm, bò pa l sèlman, pa gen tout mwayen nan men l pou l koresponn ak tout bezwen pèp la ki anpil e ki merite jwenn solisyon ki dirab.

M swete rezolisyon yo ap mennen nan desizyon sa yo, yon fason pou nou bay mo Inite sa tout sans li, pou nou rejwenn fyète nou kòm pèp.

Mèsi.

La Primature – 

Réagir à cet article

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *