Home Actualités Rektora Inivesite Leta dayiti reklame entegrasyon lang kreyol la nan CARICOM
Actualités - février 13, 2013

Rektora Inivesite Leta dayiti reklame entegrasyon lang kreyol la nan CARICOM

Rektora   Inivèsite   Leta  d Ayiti  ak  Komite  pou  tabli  Akademi   Kreyòl   Ayisyen  an, salye nou ak respè, epi pwofite swete Gouvènman an yon Bòn Ane 2013 nan lapè, pwosperite ak  Limyè pou li rive pran bonjan desizyon ki pou mete peyi a sou wout devlopman dirab.

Komite a te ekri Prezidan Michel J. Martelly yon lèt,  nan dat 20 novanm 2012, kote li te Mande Prezidan an yon randevou pou l te kapab eksplike poukisa peyi d Ayiti ta dwe  pwopoze lang kreyòl pou dezyèm lang ofisyèl CARICOM.

Menmjan an,  nan dat 26 novanm 2012, komite a te ekri  Minis Kilti a, Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, Minis Zafè Etranjè a sou menm kesyon an. Komite a pa janm jwenn repons.

Se poutèt sa Komite a deside voye yon lèt tou louvri bay tout manm pouvwa egzekitif la pou fè yo sonje jan se yon kesyon enpòtan sitou nan moman otorite peyi d Ayiti gen lonè pran tèt Caricom pou 6 mwa k ap vini la yo.

Komite a vle  atire atansyon  gouvènman an  sou  reyalite  sosyal ak lengwistik   peyi a nan respè dwa lengwistik  ak entegrasyon tout sitwayen yo, epi sou reyalite  rejyonal ak lengwistik pèp ayisyen  nan rapò li ak  lòt pèp nan Karayib la ki nan CARICOM. Komite a ap  mande  gouvènman an pou li pran an  konsiderasyon dokiman prensip ki sòti nan rankont CARICOM nan dat 14 Janvye 2011 nan Jamayik kote peyi yo te antann yo pou yo pale lang nasyonal yo ; menmjan an pou Gouvènman an pa mete rezilta atelye travay 30 avril 2012 la sou kote, yon atelye ki te fèt nan otèl Le Plaza nan Pòtoprens, kote  peyi Sentlisi ak peyi Ladominik te antann yo ak Ayiti pou fòme yon blòk peyi kreyòl nan CARICOM pou fasilite echanj kiltirèl ak entegrasyon pèp sa yo dekwa pou òganizasyon peyi CARICOM yo ka vini pi dyanm.

Mesye Prezidan, Mesye  Premye Minis, Medam, Mèsye  manm Konsèy Minis lan, gen anpil avantaj peyi a kapab tire nan sèvi ak lang kreyòl kòm lang ofisyèl nan CARICOM. Komite a prezante yo nan agimantè ki akonpaye lèt sa a e li espere nou va pran yon ti tan pou li li. Pou fyète nasyon an ak avansman lang  nou an, komite a espere nou va pran demann li a an konsiderayon pandan li  ap  mande nou resevwa salitasyon patriyotik li.

Viv Repiblik la ! Viv Ayiti ak lang li ki se nanm li !

Pou komite a,

…………………..               ………………………                 …………………..

Fritz DESHOMMES            Rogeda Dorcé DORCIL              Sony ESTEUS

Vis Rektè Rechèch                    Dwayen    Fakilte                               Sosyete Animasyon

Inivèsite Leta d Ayiti                Lengwistik Aplike                             Kominikasyon Sosyal

……………………………….                               ………………………………                        ………………………..

Pastè Pauris JEAN BAPTISTE         Rev.Jean Pierre Nzemba Wayi     DoktèYves Dejean

Sektè pwotestan                                       Direktè  Jounal                                        Sosyete sivil

Lengwis                                                  Bon Nouvèl                                             Lengwis


……………………………….                  ………………………………                                   ——————–

Max  BEAUVOIR                  Monseyè Pierre Antoine PAULO          Adeline CHANCY

Konfederasyon  Nasyonal            Reskonsab komisyon Episkopal ak                 Ansyen Minis

Vodouyizan  Ayisyen                   Tradiksyon Bib la, Legliz Katolik                 Kondisyon Fanm

Réagir à cet article

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *