Home Actualités Demisyon Gary Conille : Mesaj Prezidan Michel Martelly – 24 Fevriye 2012
Actualités - février 27, 2012

Demisyon Gary Conille : Mesaj Prezidan Michel Martelly – 24 Fevriye 2012

Maten an Premye Minis Gary Conille prezante’m lèt demisyon’l  e mwen aksepte li . Map pwofite remesye li pou angagman li te pran. Byen su mwen regret ke se nan moman ke peyi’a ap dekole  ke sa rive. 

Men rete poze. Mwen déjà pran kontak ak prezidan 2 chanm yo ki yo menm tou te resevwa yon kopi de let la. Nou pran angagman pou nou chita prese prese , pou  mwen pwopoze  yon nouvo Premye Minis.

Tout patnè natyonal e entenasyonal kap fè jefo pou envesti , kap kreye djob ,  map mande yo pou rete tèt frèt. Nou gen tan pran tout dispozityon pou ke Leta kontinye travay nomalman .

Ekzekitif la ak palman ki déjà ap travay pou soude bonjan relasyon, kom sa dwa,  pral  degage yo , rapido presto , pou tout bagay rantre nan plas yo . 

Nou konnen ke Nou mèt konte sou  mwen, menm jan  mwen konte sou nou.

Mwen te fè nou pwomes. Pwomes se dèt.

Wè pa wè Viktwa a se pou pèp la

 

Réagir à cet article

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *