Home Actualités Ayiti/Nasyonalite etranjè : Men fason Yvon Néptune analize kesyon an
Actualités - février 2, 2012

Ayiti/Nasyonalite etranjè : Men fason Yvon Néptune analize kesyon an

SE LETA KI BAY PAPYE POU SA

Kandida Michel Martelly te depoze nan KEP a, dokiman LETA te ba li, ki fè KEP a te aksepte l kòm kandida pou Prezidan. Sa vle di, pami yo, dokiman ki sètifye li se Ayisyen. Si Prezidan Martelly konnen li gen lòt nasyonalite, e li te chwazi kache sa pou l ka rive Prezidan, se pa jodi a, pandan l Prezidan, li pral fè deklarasyon pou l di li se etranje; menm lè gen yon Sennatè osnon lòt moun ki di Prezidan an ta gen lòt nasyonalite. Tout dokiman Leta te ba li yo, yo tout nan KEP a. Si gen lòt moun ki genyen/jwenn lòt dokiman ki pwouve Prezidan an gen lòt nasyonalite, Palman an gen pou l verifye si dokiman sa a yo bon, otantik e legal; epi pran dezisyon ki konfòm ak Konstitisyon an. Premye kote pou Kominsyon Ankèt ta ale, se nan KEP , pou KEP ba l tout dokiman kandida Michel Martelly te depoze pou sètifye li se Ayisyen, e li pa gen lòt nasyonalite.

Ann atandan, sèl rezon pou Prezidan Michel Martelly ta fè deklarasyon kounye a sou koze sa a, konsènan li menm, se ta anonse demisyon l , si li konnen non fon li menm, li gen dokiman/prèv sa a yo, e Palman an ta genyen yo tou, e ta pare pou aji kont Prezidan an. Men, si Prezidan Martelly konnen se voye monte k ap fèt sou zafè lòt nasyonalite sa a li ta genyen, meyè demanti li ka bay, se ta konvoke Premye Minis, tout Minis ak Sekretè Deta a yo, e egzije yo chak sinyen yon deklarasyon ki sètifye yo pa gen lòt nasyonalite; sila a yo ki pa ta vle sinyen, yo t ap blije renmèt demisyon yo. Apre reyinyon sa a, Chèf Leta a t ap enfòme Nasyon an, e konsa, li t ap pwofite rebay Nasyon an asirans, li pa janm bay manti sou nasyonalite l . Sa pa vle di, Palman an t ap sispann ankèt li kòmanse mennen.

Prezidan an deja bay KEP a prèv li se Ayisyen , si gen moun ki gen dout sou sa, osnon prèv yo fo, se moun sa a yo ki pou pwouve sa, se pa Prezidan an. Konparezon sitiyasyon sa a , ak zafè Prezidan Barak Obama a, se pa menm bagay. Obama te gen pou l montre li fèt sou teritwa meriken. Leta Hawai gen dokiman ki pwouve sa. Michel Martelly fèt ann Ayiti e li gen paspò ayisyen. Si yo ta sispèk li gen lòt nasyonalite, prèv la se pa li menm pou Leta egzije bay li. Se Leta ki pou bay prèv la. Kandida Michel Martelly te gen pou l sètifye li se Ayisyen; li depoze pyès devan KEP a ki pwouve sa, e pyès sa a yo se Leta ki fè yo e ki ba li yo, jiska prèv kontrè. Si Prezidan Martelly ta gen yon lòt nasyonalite, se Leta k pou pwouve Prezidan genyen l, menm jan se Leta e Leta a sèlman, ki ka bay yon moun dokiman ki sètifye moun sa a se Ayisyen.

Yvon Néptune, Ancien Premier ministre, ancien candidat à la présidence
28 janvier 2012

Réagir à cet article

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *