Home Actualités Ayiti/Politik : Ochan AYISYEN POU AYITI pou prezidan Martelly
Actualités - avril 8, 2011

Ayiti/Politik : Ochan AYISYEN POU AYITI pou prezidan Martelly

 Jedi, 7avril 2011

 CHANJMAN AN AP KÒMANSE FÈT  LÈ NOU MENM AYISYEN KÒMANSE CHANJE

AYISYEN POU AYITI kontan anpil deske dezyèm tou eleksyon yo pase ak plis òganizayon e ak mwens britalite ak vyolans. Menm lè, nan maten eleksyon an , te gen kèk materyèl ki pat rive alè nan sèten biwo vòt, sitou nan Pòtoprens; e malgre apre nan kontwòl,  sant kontay Konsèy Elektoral la te dekouvri jwèt koken nan plizyè mil bilten vòt. Men, apre yon bon de(2) senmenm chitatann ak kè sou biskèt, popilasyon an te finalman jwenn yon rezilta eleksyon ki sanble akseptab pou majorite kandida ak patizan kandida.

Ann atandan rezilta final yo nan dat 16 avril, AYISYEN POU AYITI di  misye Joseph Michel  Martelly konpliman pou laviktwa li genyen nan kous elektoral la pou Prezidan. Konpliman tou, pou tout kandida pou Sennatè ak Depite ki pote lamayòl nan dezyèm tou.

Diran  rès mwa d avril la, ak premye kenzèn mwa d me a , Leta dwe pran tout dispozisyon pou toudabò, Karantnevyèm(49e) Lejislati a anplas e ap travay, e answit pou Chèf Leta tounèf la pran echap prezidansyèl devan Asanble Nasyonal la, epi antre nan pòs prezidan an, apre Te Deum tradisyonèl.

AYISYEN POU AYITI swete e ankouraje , toule twa(3) Pouvwa Leta a yo, tout pati politik yo, tout lòt sektè òganize e aktif nan sosyete a, ansanm ak chak sitwayen, pou nou tout pran reskonsablite n, vizavi Nasyon an ak latè d Ayiti, yon fason pou omwens nan lane 2015, nou ta ka kòmanse wè sinyal,  yon Ayiti Denmen Miyò  ta vle kòmanse boujonnen. Ayisyen pou Ayiti , se sèl envestisman k ap garanti pwofi pou nou tout Ayisyen.

 

 Joël Costumé, Ansyen Depite                                                                                                      

 Sekretè Egzekitif Nasyonal Pwovizwa  

Réagir à cet article

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *