p-30101
Home Actualités Ayiti/ Meteyo : Alèt oranj kjiska mekredi 25 me
Actualités - mai 20, 2011

Ayiti/ Meteyo : Alèt oranj kjiska mekredi 25 me

KOMINIKE

p-30101Pèp Ayisyen, apre gwo lapli ki sot tonbe yo, Biwo Pwoteksyon sivil deklare nivo prekosyon Oranj nan peyi a jiska mèkredi 25 me kap vini an

Se yon move tan kap rete anplas sou zon karayib la pandan on ti tan.

Pou sa, li mande :

Tout moun nan popilasyon an, sitou sa ki rete nan zon bò ravin, bò larivyè, kote dlo ak bimay abitye desann pou yo pran anpil prekosyon.

Li mande maren ak ti kannòt pou evite pran  lanmè.

Pou popilasyon an respekte tout konsiy ki pase pou evite maladi kolera gaye kò l. Danje pou trape maladi kolera toujou pi plis lè tan ajite konsa.

Biwo Prezidan, ki pran sitiyasyon sa yo oserye, mande tout moun nan popilasyon an pou tande ak anpil atansyon bilten nouvèl sou tan pou evite moun pèdi lavi yo pou granmesi.

Biwo Kominikasyon Prezidan Michel Martelly

Pòtoprens 19 me 2011

Réagir à cet article

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *