Home Actualités Yon Lwa Ameriken sou Efò Rekonstriksyon Ayiti – Reyaksyon Prezidan Komisyon Afè Etranjè Chanm Bas la
Actualités - mai 11, 2011

Yon Lwa Ameriken sou Efò Rekonstriksyon Ayiti – Reyaksyon Prezidan Komisyon Afè Etranjè Chanm Bas la

Nan yon seyans ki dewoule madi 10 me a nan Kongrè Lèzetazini an, depite eta Florid Ileana Ros-Lhetinen fè yon deklarasyon kote li apiye yon rezolisyon kòlèg li Barbara Lee, yon depite eta Kalifòni, te patwone e ki pase nan Chanm nan pa aklamasyon pou l tounen yon lwa.

Rezolisyon sa a mande pou Kongrè a resevwa yon rapò sou pwogrè k ap fèt nan efò pou rekonstriksyon, asistans imanitè ak devlopman peyi Dayiti apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la. Depite Ros-Lhetinen pote presizyon lè l di.

« Rezolisyon sa a vin kore efò mwen t ap fè, nan kad Lwa sou Ayiti a ke m te entwodui nan dènye Lejislati a, pou Kongrè a genyen plis sipèvizyon sou asistans Lèzetazini ap bay Ayiti, dekwa pou n gen asirans èd sa a al jwenn moun ki dwe jwenn li yo, li satisfè objektif vize yo, e konsa li reyalize priyorite Lèzetazini, ankouraje efò k ap pèmèt Ayiti rekanpe sou 2 pye l, dekwa pou asistans la pa fè wout krochi akoz gaspiyaj, doub anplwa ak koripsyon. »

Depite Ileana Ros-Lhetinen se prezidan Komisyon Afè Etrranjè Chanm dè Reprezantan an. Li bay presizyon tou sou objektif rapò rezolisyon an mande pou Kongrè ameriken an resevwa regilyèman sou efò rekonstriksyon yo nan peyi Dayiti.

“Rapò lwa No.1016 Chanm Dè Reprezantan an mande a, se yon rapò ki pral bay manm Kongrè a ak piblik la yon okazyon pou yo wè kisa ki bay rezilta, kisa ki pa bay rezilta. Mwen ta renmen di tou lajan k ap nesesè pou prepare rapò sa a, se yon lajan ki pral sòti nan finansman kongrè a deja apwouve”

Ileana Ros-Lhetinen, depite eta Florid, prezidan Komisyon Afè Etranjè Chanm Bas la Ozetazini, te pale konsa nan yon sesyon ki dewoule madi 10 me a nan Kongrè ameriken an.

KOPYE LINK SA A POU W KA GADE SESYON SA A

 

Réagir à cet article

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *