Home Actualités Ayiti-Salè minimòm : Èske ouvriye ak travayè se pa moun yo ye ?
Actualités - juin 9, 2009

Ayiti-Salè minimòm : Èske ouvriye ak travayè se pa moun yo ye ?

Reyaksyon Antèn Ouvriye sou pozisyon prezidan Rene Preval ak pozisyon Asosyasyon Endistri d Ayiti (ADIH)

Boujwa se Leta. Se sa ki bay Asosyasyon Endistri d Ayiti (ADIH) dwa pou l voye jete lwa palmantè yo vote ki fikse 200 goud kòm salè minimòm lan.Boujwa se Leta. Se sa ki bay patwon yo dwa pou pase prezidan Preval lòd pou l pa pibliye nouvo lwa sou salè minimòm lan. Avèk anpil awogans nan konferan pou laprès mèkredi 13 me a, ADIH presize « n ap fè tout sa nou konnen pou anpeche prezidan an pibliye lwa sa a, nan « Le moniteur » jounal ofisyèl peyi a. Kòm boujwa se Leta, prezidan Rene Preval deside egzekite lòd patwon yo. Konsa prezidan an pran yon pretèks mande dyalòg sou yon lwa 2 chanm yo fin vote. Se sa ki demokrasi pou prezidan an ak patwon li yo. Nou menm tande kèk senatè ki kòmanse mande patwon yo padon dèske yo te vote 200 goud kòm salè minimòm. Nou pral gade nan ki pi ba nivo endesans palmantè sa yo ka rive.

     Konpòtman asosyasyon patwon yo montre, menm lòd sistèm kapitalis la, boujwa Ayisyen yo refize respekte. Alòske, se prensip demokrasi boujwa a, demokrasi reprezantativ la ki bay palmantè yo otorite pou yo vote lwa. Patwon yo vekse, paske leta la pou defann enterè yo sèlman. Menm ti zo sa a, patwon yo pa dakò pou palmantè yo lage atè a, pou ouvriye yo ranmase l. Kesyon n ap poze patwon yo ak Prezidan Preval, èske ouvriye ak travayè se pa moun yo ye ? Nou ta renmen boujwa yo di nou, konbyen kòb yo depanse pou chen lakay yo chak jou ? konbyen lajan randevou doktè chen lakay yo koute pa jou ?     

 Nan yon ti ankèt Antèn Ouvriye fè, nou wè yon fanmi ouvriye ak travayè ki genyen 5 moun, bezwen 166 goud pou yon ti manje maten, plis 296 goud pou yon manje apremidi, sa bay yon total 462 goud pou 2 repa pou yon jounen. Ouvriye ak travayè nou te rankontre yo, deklare « nou pa kapab pran 3 repa pa jou, paske lavi a twò chè ». Paske, komèsan yo monte machandiz yo, jan yo vle lè yo vle. Kòm se yo ki leta, pèsonn pa pa kapab kontwole yo.    

 Jodi a, ADIH ap pale de salè minimòm pwogresif, ki ka pèmèt amelyorasyon kondisyon lavi ak pouvwa dacha ouvriye ak travayè yo. Pou ki sa depi plis pase 10 lane, patwon yo pa t janm aplike atik 137 kòd travay la ki di «  : dwe gen yon ajisteman salè chak fwa lavi a vin pi chè oubyen chak fwa yo anrejistre yon ogmantasyon lavi ki egal a 10 pousan pou yon lane ». Leta pa t janm fè aplike atik 137 la, pou l te kapab defann enterè patwon yo. Lè sa a, pa t gen pale anpil.    

 Ouvriye, travayè ak tout mas popilè yo, batay la fenk kòmanse pou fòse prezidan Rene Preval pibliye lwa ki fikse salè minimòm lan 200 goud. Nou te pran lari pou mete Rene Preval sou pouvwa. Depi li prezidan an, li sèlman defann enterè gwo peyi kapitalis yo ak boujwa Ayisyen yo.     

 Fwa sa a, n ap pran lari pou defann pwòp enterè nou « salè minimòm 200 goud la »

Pòtoprens 31 me 2009 Pou Antèn Ouvriye : Renèl SANON, Julianie DESROCHE◘

Réagir à cet article

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *