Home Actualités Let tou louvri pou sekretarya pati Ayiti An Aksyon
Actualités - février 6, 2018

Let tou louvri pou sekretarya pati Ayiti An Aksyon

Objè: demand esplikasyon sou lèt ki anonse retou Senatè Carl Murat Cantave kòm manm pati AAA.

Mesye Sekretè Jeneral,

Mwen pran plezi pou m salye nou, pou bèl devlopman li ak batay pou tabli bon jan demokrasi sou chimen devlopman dirab.

travay nap fè nan tèt pati a, sitou nan kad ki kapab ede peyi Dayiti vanse tout bon vre

Sekretè Jeneral, mwen vle profite okazyon sa a, pou m fèw sonje règleman yo, lwa yo ak prensip pati a.

Mesye Diversin eske w konnen Pati a fè m otomatikman vin manm direktwa e anplis de sa mwen eli pandan 2 fwa anba pati politik sa ki rele Ayiti An Aksyon an?. kòm depite, manda a se pou pati AAA li ye, se sa lwa sou fonksyonman ak finansman sou pati politik yo di e se sou baz kantite eli pati AAA genyen ki fè l fenk sot resevwa plis pase 9 milyon goud nan men leta ayisyen kòm pati politik .

Nan jou ki te 31 janvye 2018 la, mwen menm kòm manm nan direktwa pati AAA, m te sezi wè sou rezo sosyal yo epi tande nan tout lari yon lèt ki pote siyati sekretè jeneral mwen an Djimy Diversin ak logo pati a kap sikile. Nan lèt sa moun ka li sekretarya pati AAA aksepte demand aktyèl Senatè pati Kid la nan lAtibonit Carl Murat Cantave te fè pou li tounen kòm nouvo manm pati a. Mwen pa vle kouri di c yon eskandal, mwen pa vle di tou repons lèt la se yon vyolasyon lwa sou fonksyoneman ak finansman pati politik yo ki bay pati politik yo dwa jwenn lajan sou tèt chak grenn eli yo genyen.

Mwen vle pito mande si, lèt repons ki di sekretarya general AAA aksepte Cantave retounen kòm manm pati AAA ak manda pati KID la nan menm l , èske se yon bon lèt vre ? eske demand Senatè KID la Carl Murat Cantave konfòm ak lwa sou fonksyoneman ak finansman pati politik yo? èske direktwa pati a te enfòme sou demand estratejik politik ke sote sa a, oubyen se yon desizyon gwo ponyèt byen kalkile sekretarya a pran pandan Carl Murat Cantave gen manda pati kID nan men l’ kòm Senatè an fonksyon ? Eske kòdonatè nasyonal pati a Senatè alafwa jiris Youri Latortue te chita ak direktwa oubyen konsilte manm yo sou demand ki kontrè ak lalwa Senatè KID la te voye bay AAA a pou l’ retounen nan pati li te avili poul rive senate jodya anba banyè KID?

Pati KID menm jan ak Pati AAA fenk resevwa finansman leta sou baz menm lwa sou fonksyoneman ak finansman sa ke mwen menm kòm depite mwen te vote a. Kòm lwa di aklè manda a se pou pati a li ye, map mande:eske AAA gen dokiman li te resevwa ki montre akle senate a te bay demision l nan KID,sinon ki jan pati a fe kouri bridsoukou aksepte pou senate a tounen?eske yon simp let sifi?eske pati KID dil pa rekonet manda ki nan men senate cantave la ofisyelman selon atik 24-1 lwa sou fomasyon fonksyoneman ak finansman pati politik yo ?eske regleman interye pati AAA sou tet lwa sou pati politik yo palman vote e ki pibliye nan jounal nasyon an ?eske selon selon atik 24-1 lwa sou pati politik yo ki di a kle manda ki nan menm lan c pou AAA mw ka pote m kandida sou yon lot pati politik san manda sa pa fini ou di mwens mwen demissione kom depite ?

Article I. Kiyès nan 2 pati sa yo ki resevwa lajan sou tèt Senatè Cantave menm jan AAA resevwa lajan sou tèt mwen kòm depite ki gen manda pati AAA selon atik 37 lwa sou pati politik yo alinea b

Article II. Kiyès jodya ki mèt manda ki nan men Senatè Cantave la ki rete 2 lane nan palman an selon atik 24-1 menm lwa ki bay dwa ak finansman ?

Article III. Konbyen eli AAA genyen jodya ki bal dwa a kantite lajan finansman li jwenn nan men leta ayisyen ki plis ke 9 million goud selon atik 37 lwa alinea b?

Article IV. Lòt finansman leta gen pou bay pati politik yo , kiyès nan 2 pati sa yo kap gen pou resevwa lajan sou tèt Cantave kòm eli ?.

Article V.

Eske AAA pral gen poul resevwa plis lajan paske l genyen yon eli anplis?

Article VI. Eske pati KID deja remèt AAA pousantaj lajan li resevwa sou tèt Senatè Cantave ki apati aksyon sa vle di li pa rekonèt li gen yon manda pati KID nan men l ? eske si tout eli KID yo suiv senate Cantave nan AAA pati KID ap toujou gen dwa ak finansman leta si wi sou ki baz leta ayisyen ap determine pousantaj lajan an kid wè al jwenn pati KID?

Article VII. èske eskandal ki vle avili pati KID ak AAA sou manda ki nan men Senatè Cantave la pa bay plis rezon ak moun kap rele pou lajan peyi a yo di kap gaspiye bay pati politik sou baz yo gen eli e manda se pou yo li ye ?

Mwen poze ti kesyon sa mwen espere yo pap deranje pesonn men pito nan sousi Selman poun ede pati AAA vanse pi byen sou baz respè la lwa ak nan lojik pou ede leta ayisyen kontwole pi byen lajan peyi a lap bay pati politik yo sou baz eli yo genyen epi evite pati AAA pa tombe nan vyolasyon lalwa sou fomasyon fonksyonneman ak finansman pati politik yo ,men tou nan lide ke esplikasyon ak repons kesyon m yo map tann ap rive jwenn mwen san pèdi tan, m priye w mesye Sekretè jeneral, pou resevwa demand mwen yo, patriyotikman.

Cc: Kòdonatè nasyonal pati AAA

.Pati KID

.LAPRÈS

Fritz CHERY

Depite gwo mon, manm direktwa AAA

Réagir à cet article

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *