![]() |
|
| Ayiti/Nasyonalite etranjè : Men fason Yvon Néptune analize kesyon an | ||||
|
|
SE LETA KI BAY PAPYE POU SA Kandida Michel Martelly te depoze nan KEP a, dokiman LETA te ba li, ki fè KEP a te aksepte l kòm kandida pou Prezidan. Sa vle di, pami yo, dokiman ki sètifye li se Ayisyen. Si Prezidan Martelly konnen li gen lòt nasyonalite, e li te chwazi kache sa pou l ka rive Prezidan, se pa jodi a, pandan l Prezidan, li pral fè deklarasyon pou l di li se etranje; menm lè gen yon Sennatè osnon lòt moun ki di Prezidan an ta gen lòt nasyonalite. Tout dokiman Leta te ba li yo, yo tout nan KEP a. Si gen lòt moun ki genyen/jwenn lòt dokiman ki pwouve Prezidan an gen lòt nasyonalite, Palman an gen pou l verifye si dokiman sa a yo bon, otantik e legal; epi pran dezisyon ki konfòm ak Konstitisyon an. Premye kote pou Kominsyon Ankèt ta ale, se nan KEP , pou KEP ba l tout dokiman kandida Michel Martelly te depoze pou sètifye li se Ayisyen, e li pa gen lòt nasyonalite. Ann atandan, sèl rezon pou Prezidan Michel Martelly ta fè deklarasyon kounye a sou koze sa a, konsènan li menm, se ta anonse demisyon l , si li konnen non fon li menm, li gen dokiman/prèv sa a yo, e Palman an ta genyen yo tou, e ta pare pou aji kont Prezidan an. Men, si Prezidan Martelly konnen se voye monte k ap fèt sou zafè lòt nasyonalite sa a li ta genyen, meyè demanti li ka bay, se ta konvoke Premye Minis, tout Minis ak Sekretè Deta a yo, e egzije yo chak sinyen yon deklarasyon ki sètifye yo pa gen lòt nasyonalite; sila a yo ki pa ta vle sinyen, yo t ap blije renmèt demisyon yo. Apre reyinyon sa a, Chèf Leta a t ap enfòme Nasyon an, e konsa, li t ap pwofite rebay Nasyon an asirans, li pa janm bay manti sou nasyonalite l . Sa pa vle di, Palman an t ap sispann ankèt li kòmanse mennen. Yvon Néptune, Ancien Premier ministre, ancien candidat à la présidence Comments (0) |
Aucune partie de SCOOPFMHAITI.com ne doit pas être reproduite, redistribuée ou manipulée sous toutes ses formes. L'ensemble de ce site relève de la législation haïtienne et internationale sur les droits d'auteur et la propriété intellectuelle. Tous les droits de reproduction sont réservés, y compris les représentations iconographiques, photographiques. La reproduction de tout ou partie de ce site sur un support quel qu'il soit, est formellement interdite. |
| Copyright ©2010 Radio Scoop FM, 107.7. All rights reserved. |
| Website by the PROFESSIONAL Haitian Company : SiteGenial, Inc |